Thursday, August 19, 2010

PITYE POU MWEN BONDYE GRANMET MWEN

Pitye pou mwen Bondye Granmèt mwen
Jan ou sansib efase peche m.

Fè m gras Bondye jan Ou gen bon kè, efase peche mwen fè.
Jan ou sansib efase peche m, efase peche mwen fè.
Tout mechanste mwen lave l pou mwen, efase peche mwen fè.
Tout fòt mwen fè netwaye l pou mwen, efase peche mwen fè.

Peche mwen fè se mwen ki konnen l…
Fòt mwen devan m san l pa vle kite m…
Se kont Ou sèl mwen te fè peche…
Se sa ki mal devan zye w mwen fè…

Se sa ki vre Ou vle wè nan kè m…
Nan sekrè syans Ou w a fè m antre…
Ak fèy izòp netwaye m, m a pwòp…
Lave m pou m blan plis pase koton…

No comments:

Post a Comment