Sunday, May 1, 2011

WI MWEN KWE NAN BONDYE A

Wi mwen kwè nan Bondye a
Se li ki mèt lavi mwen
Mwen deja fin sètifye
Sa l di se verite.

1- Mwen kwè genyen Papa a mèt tout pouvwa,
E mèt syèl la ak tè a,
Li fè tout sa nou wè
E li fè tout sa je pa kab wè.
Tout sa l kreye yo la
Yo depase tout pouvwa lezòm genyen
Pesonn pa di m anyen
Map kenbe lafwa m jiska lafen.

2- Mwen kwe gen Jezi Kri, li se Granmèt
E se sèl pitit Papa a
Ki la depi totu tan
E l se Bondye ki sot nan Bondye.
Li te vin sou tè a e l te pase
Kèk bon lane pami nou.
Se lanmò li sou kwa a
K ap pèmèt nou rive nan syèl la.

3-Mwen kwè gen Lespri Sen,
Li te pale le pwofèt yo tap pale.
Se li kap met dife
K ap pemet pep Bondye a vanse.
L ap simaye lanmou ki sot nan Papa ansanm ak Pitit la
M ap tann tou mò leve,
M ap tann lavi k ap vini an.

SA JEZI KRI YE? JEZI KRI SE PEN VIVAN

Sa Jezi-Kri ye?
Jezi -Kri se pen vivan Bondye voye bay pèp li a
Manman Mari pote l pou nou, Manman Mari pote l pou nou

1-Jezi se pen k sòti nan syèl
Bondye ban nou l pou lavi n pi anfòm

2-Jezi di nou : " Chèche sitou manje
nan pen ki pap janm fini an."

3-Bondye Granmèt toujou ba nou
Manje vivan ki sèti nan syèl la

4-Moun ki manje nan pen silaa
An verite li pa gen dwa mouri

5-Pen pou n manje si kè nou pwòp
Si n abiye avèk lavi Bondye

6-Pen pou n manje si nou renmen
Si n fè ak lòt jan Bondye fè ak nou

TOUT SA N GENYEN TOU SA N YE

Tout sa n genyen tout sa n ye
Se ou ki ba nou yo
Nou vin remèt yo nan men w Granmèt
pran yo pou fè sèvis ou (2 fwa)

Depi avan mwen fèt ou te deja konnen m
Deoi nan vant manman m ou te deja chwazi m
Ou gen yon plan pou mwen ki fè w mete m ap viv
Si m pa fè volontèw mwen pap janm reyisi

Ti pen n ap ofri w la, se ou ki ba nou li
Diven n ap ofri w la se nan men w li sòti
Anpil moun te travay pou yo jan yo ye a
Konsa yo reprezante tou sa ki sou tè a