Thursday, August 19, 2010

PITYE POU MWEN BONDYE GRANMET MWEN

Pitye pou mwen Bondye Granmèt mwen
Jan ou sansib efase peche m.

Fè m gras Bondye jan Ou gen bon kè, efase peche mwen fè.
Jan ou sansib efase peche m, efase peche mwen fè.
Tout mechanste mwen lave l pou mwen, efase peche mwen fè.
Tout fòt mwen fè netwaye l pou mwen, efase peche mwen fè.

Peche mwen fè se mwen ki konnen l…
Fòt mwen devan m san l pa vle kite m…
Se kont Ou sèl mwen te fè peche…
Se sa ki mal devan zye w mwen fè…

Se sa ki vre Ou vle wè nan kè m…
Nan sekrè syans Ou w a fè m antre…
Ak fèy izòp netwaye m, m a pwòp…
Lave m pou m blan plis pase koton…

MESI BONDYE, MESI JEZI

Mèsi Bondye,
Mèsi Jezi,
O Lespri Sen mèsi
Manman Mari mèsi

Lè m gade syèl la fo mwen di w mèsi
Lè m gade tè a fo mwen di w mèsi
Bèl zwazo k ap chante fo mwen diw mèsi
Pye bwa yo k ap lwe w mèsi Papa

Ou ban m manje ko w fo mwen di w mèsi
Ou ban m bwè san w fo mwen di w mèsi
Ou ban mwen manman w fo mwen di w mèsi
Ou te mouri pou mwen mesi Jezi

Sante ou ban mwen fo mwen di w mèsi
Pwoteksyon ou ban mwen fo mwen di w mesi
Pou kouraj ou ban mwen fo mwen di w mesi
W ap mache avè m mèsi


Pou legliz la ou ban mwen fo mwen di w mèsi
Pou fanmi ou ban mwen
Pou zanmi ou ban mwen
Tout sa w fè se mèvèy mèsi Papa

GEN YON MOUN K AP FRAPE POT KE NOU


Gen yon moun kap frape pot kè nou (bis)
Men moun sa se Jezi ki vin vizite nou

Jezi ou vle nou louvri ba ou
Gen yon volè ki kache nan kè nou
Tanpri papa fonse pot la
Pou vin delivre nou

Bliye tet ou, vini jwenn sovè a
Vye logey yo mete yo dèyè
Se konsa vrè lapè a va tabli sou tè a

AVEK MARI NA JWENN JEZI


Avek Mari na jwenn Jezi
Avek Mari na jwenn Jezu an nou lapryiè
Avek Jezu na jwenn la viktwa, an nou lapryiè

 Pinga n dekouraje, an nou lapryiè (2)

Pasyans(3) an nou lapryiè(2)
N ap leve men n byen wo nan syèl la
N ap leve men n lan non Ganmèt la
N ap beni non l pou toutan gen tan
Paske bonte l pi fo pase lavi

JEZI KRI LEVE LI KRAZE LANMO

Jezi Kri leve li kraze lanmò, viv Jezi glwa a Dye!

Jezi Kri leve kon yon kout zèklè, Alelouya! Amèn!

PAPA BONDYE KI NAN SYEL LA

Papa Bondye ki nan syèl la, koute priyè nou.(2)

POU NOU PWOGRESE

Pou nou pwogrese fò n met tèt ansanm
Kolabore nou nan tou sa n ap fè
Si gen tèt ansanm, pwojè ap reyalize
Travay ap òganize, amitye pap janm fane (bis)

Si gen divizyon pa kab gen inyon
Paske se nan inyon ki ba nou plis fòs
Pou gen bon menaj, fò youn kab soufri pou lòt
Fò youn chèche konprann lòt
Pou nou ret ann amoni (bis)

JEZI KRI OUMENM MOUTON BONDYE

Jezi Kri ou menm mouton Bondye
Ki wete peche sou te a
Tanpri pitye pou nou


Jezi Kri ou menm mouton Bondye
Ki wete peche sou te a
Tanpri pitye pou nou

Jezi Kri ou menm mouton Bondye
Ki wete peche sou te a
Vin fe ke nou poze

JEZI OUMENM MOUTON BONDYE

Jezi ou menm mouton Bondye
Papa a voye vin delivre nou
Pran ka nou, geri nou, sove nou
Tanpri pitye pou nou


Jezi ou menm mouton Bondye 
Papa a voye vin delivre nou
Pran ka nou, geri nou, sove nou 
Tanpri pitye pou nou



Jezi ou menm mouton Bondye 
Papa a voye vin delivre nou
Pran ka nou, geri nou, sove nou 
Vin fe ke nou poze

MET MEN W NAN MEN M

Met men w nan men m gade m nan je
Souri ban mwen di m ou renmen m  (3)


Met men w nan men m 
Gade m nan je
Souri ban mwen
Di m ou renmen m 

JODIYA (PAPA NOU)

Jodiya (3)

Bondye se ou menmenn menm ki di ou se papa (eko)
Se pou pitit ou yo  respekte non papa (eko)
Se pou yo rekonet se oumenm sel ki wa (eko)
Se volonte w fet sou te a toupatou (eko)
Pen nou bezwen chak jou a ba nou li jodiya

Padonen sa nou fe ou
Tankou nou padonen fre n yo (eko)
Pa kite nou pran nan pyej
Men delivre n ak sa ki mal (eko)


PAPA NOU KI NAN SYEL LA

Papa nou ki nan syel la se pou volonte ou fet
Sou te a tankou nan syel la

Se pou yo respekte non ou
Se pou yo rekonet se ouki wa
Se pou volonte ou fet sou te a tankou nan syel la

Pen nou bezwen chak jou a ba nou li jodiya
Padonen sa nou fe ou tankou nou padonen moun ki fe nou kichoy
Delivre pitit ou yo anba tout sa k ap antrave n

Komansman pouvwa se pou ou lwanj ak konpliman se pou ou
Kounyea e pou ou tout tan

KYRIYE GRANMET PITYE POU NOU

Kyriye Granmet pitye pou nou, pitye pou nou (2)

Le yon moun ofanse Bodye
Tout kreyati anvi tonbe sou li
Yo ta vle kase denye chenn
Vide sou li pou yo aneyanti l pitye
Men poutan Papa ou ban n yon denye chans pou nou konveti
Pitye pou nou

Le yon moun ofanse Bondye
Te a ta vle chavire tet anba
Se dezod, wi se debandad ki ta genyen si Kris pate vini pitye
Men poutan Jezi de bra ou gran ouve pou anbrase nou
Pitye pou nou

VIV BONDYE NAN SYEL LA

Viv Bondye nan syel la
Sou te a se pou pep li a viv ak ke poze
N ap fe louanj pou li, se li n ap adore
N ap fe konpliman pou li

(LOT VWA): Loanj e glwa pou Bondye nan syel la
                       Alelouya! li bay ke poze pou tout moun sou te a.

N ap lwanje non ou devan tout nasyon yo
Nap deklare yo tout mevey ou fe yo
Avek pouvwa ou ou kreye syel la
Ou kreye te a fo n di Alelouya!

Tout sa k sou late fe lwanj pou Granmet la
Tout zwazo nan syel yo fe mizik pou li
Fey bwa k ap souke di glwa pou granmet la
Nou menm ki kretye n ap di Alelouya!

O BONDYE TANPRI PITYE POU MWEN

O Bondye tanpri pitye pou mwen
O koute vwa m
Wa padonen mwen souple, padon papa

Gen jou m leve, mwen lapriye w
Gen jou m leve mwen neglije w
Tanpri papa pa gade sa, bliye sa

Le m nan mize m rele w papa
Ou ban m lajan, mwen ba w traka
Tanpri papa pa gade sa, bliye sa