Thursday, August 19, 2010

VIV BONDYE NAN SYEL LA

Viv Bondye nan syel la
Sou te a se pou pep li a viv ak ke poze
N ap fe louanj pou li, se li n ap adore
N ap fe konpliman pou li

(LOT VWA): Loanj e glwa pou Bondye nan syel la
                       Alelouya! li bay ke poze pou tout moun sou te a.

N ap lwanje non ou devan tout nasyon yo
Nap deklare yo tout mevey ou fe yo
Avek pouvwa ou ou kreye syel la
Ou kreye te a fo n di Alelouya!

Tout sa k sou late fe lwanj pou Granmet la
Tout zwazo nan syel yo fe mizik pou li
Fey bwa k ap souke di glwa pou granmet la
Nou menm ki kretye n ap di Alelouya!

No comments:

Post a Comment