Thursday, August 19, 2010

MESI BONDYE, MESI JEZI

Mèsi Bondye,
Mèsi Jezi,
O Lespri Sen mèsi
Manman Mari mèsi

Lè m gade syèl la fo mwen di w mèsi
Lè m gade tè a fo mwen di w mèsi
Bèl zwazo k ap chante fo mwen diw mèsi
Pye bwa yo k ap lwe w mèsi Papa

Ou ban m manje ko w fo mwen di w mèsi
Ou ban m bwè san w fo mwen di w mèsi
Ou ban mwen manman w fo mwen di w mèsi
Ou te mouri pou mwen mesi Jezi

Sante ou ban mwen fo mwen di w mèsi
Pwoteksyon ou ban mwen fo mwen di w mesi
Pou kouraj ou ban mwen fo mwen di w mesi
W ap mache avè m mèsi


Pou legliz la ou ban mwen fo mwen di w mèsi
Pou fanmi ou ban mwen
Pou zanmi ou ban mwen
Tout sa w fè se mèvèy mèsi Papa

No comments:

Post a Comment