Saturday, January 29, 2011

BONDYE ENVITE M NAN FET LAKAY LI

Bondye envite m nan fèt lakay li ala on mèvèy saa
Depi byen lontan l ap espere mwen
Fèt la bèl! Fèt la bèl!

Se Bondye ki rele mwen ki konvoke m tande
Se li menm k al chèche mwen, ki rasanble m
Alelouya!

Bondye m nan l bon pou mwen
Li san parèy tande
M ape chante pou non li, danse pou li
Alelouya!

CHANTE SAA BEZWEN LOT KOUPLE SI W GENYEN YO TANPRI POSTE YO NAN "COMMENT". MESI

4 comments:

  1. Bondye sa diferan vre
    Tout moun se moun pou li
    Se Bondye zansèt nou yo
    Mwen vle chante'l, Alelouya

    ReplyDelete
  2. Li manke toujou chan an bèl anpil mwen vrèman lòv li

    ReplyDelete
  3. Bondye envite m’ nan fèt lakay li,
    Al’on mèvèy sa !
    Depi byen lontan l’ap espere mwen,
    Fèt la bèl ! Fèt la bèl !
    1.- Se Bondye ki rele mwen,
    Ki konvoke m’, tande !
    Se li menm k’al chèche mwen,
    Ki rasanble n’. Alelouya!

    2.- Bondye m’ nan, o l’ renmen mwen,
    M’gen gwo valè pou li.
    Nan pami tou sa l’ kreye,
    Li pi renmen m’. Alelouya!

    3.- Bondye sa a diferan vre,
    Tout moun se moun pou li.
    Se Bondye zansèt nou yo,
    Mwen vle chante l’. Alelouya!

    ReplyDelete
  4. 4-Bondye-m nan o,l- fou pou mwen:
    M gen gwo valè pou li,
    Nan pami tout sa l kreye
    Li pi renmen -m Alelouya.

    ReplyDelete