Saturday, January 29, 2011

IM NASYONAL AYISYEN

I
Pou Ayiti
Peyi Zansèt yo
Se pou n mache
Men nan lamen
Nan mitan n pa fèt pou gen trèt
Nou fèt pou n sèl mèt tèt nou.
Annou mache men nan lamen
Pou Ayiti ka vin pi bèl
Annou, annou met tèt ansanm
Pou Ayiti onon tout zansèt yo.
II
Pou Ayiti 
Onon Zansèt yo
Se pou n sekle
Se pou n plante
Se nan tè tout fòs nou chita
Se li k ba nou manje
Ann bite tè, ann voye wou
Ak kè kontan, fòk tè a bay
Sekle, wouze, fanm kou gason
Pou n rive viv ak sèl fòs ponyèt nou.
III
Pou Ayiti
Ak pou Zansèt yo
Fò nou kapab
Vanyan gason
Moun pa fèt pou ret ak moun
Se sa k fè tout manman ak tout papa
Dwe pou voye timoun lekòl
Pou yo aprann, pou yo konnen
Si Tousen, Desalin, Kristòf, Petyon
Te fè pou wet Ayisyen anba kòd blan.
IV
Pou Ayiti
Onon Zansèt yo
Ann leve tèt
Nou gad anlè
Pou tout moun mande Granmèt la
Pou l ba nou pwoteksyon
Pou move zanj pa detounen n
Pou ka mache nan bon chimen
Pou libète ka libète
Fòk lajistis blayi sou peyi a!
V
Nou gen drapo
Tankou tout pèp
Se pou n renmen l
Mouri pou li
Se pa kado blan te fè nou
Se san Zansèt nou yo ki te koule
Pou nou kenbe drapo nou wo
Se pou n travay met tèt ansanm
Pou lòt peyi ka respekte l
Drapo sila a se nanm tout Ayisyen.

Sous: http://www.haiti-reference.com/histoire/symboles/hymne_creole.html

CHOUKOUN

Choucoune
(Paroles: Oswald Durand; Musique: Mauleart Monton )

     1. Dèyè yon gwo touf pengwen
        Lòt jou mwen kontre Choukoun
        Li souri lè li wè mwen
        Mwen di: "Syèl, ala bèl moun!"
        Mwen di: "Syèl, ala bèl moun!"
        Li di: "Ou trouve sa chè?"

        Ti zwezo nan bwa ki tape koute
        Ti zwezo nan bwa ki tape koute
        Kon mwen sonje sa
        Mwen genyen lapenn
        Ka depi jou sa
        De pye mwen nan chenn

        Kon mwen sonje sa
        Mwen genyen lapenn
        De pye mwen nan chenn

     2. Choukoun se yon marabou
        Je li klere kou chandèl
        Li genyen tete debou
        A si Choukoun te fidèl
        A si Choukoun te fidèl
        Nou rete koze lontan

        Jis zwezo nan bwa te parèt kontan
        Jis zwezo nan bwa te parèt kontan
        Pito bliye sa
        Se twò gran lapenn
        Ka depi jou sa
        De pye mwen nan chenn

        Pito bliye sa
        Se twò gran lapenn
        De pye mwen nan chenn

     3. Ti dan Choukoun blan kou lèt
        Bouch li koulè kayamit
        Li pa gwo fanm, li gwosèt
        Fanm konsa plè mwen touswit
        Fanm konsa plè mwen touswit
        Tan pase pa tan jodi!

        Zwezo te tande tout sa li te di
        Zwezo te tande tout sa li te di
        Si ou sonje sa
        Yo dwe nan lapenn
        Ka depi jou sa
        De pye mwen na chenn

        Si ou sonje sa
        Yo dwe nan lapenn
        De pye mwen na chenn

     4. Nale lakay manman li
        Yon granmoun ki byen onèt
        Sito li wè mwen li di:
        "A mwen kontan sila nèt"
        "A mwen kontan sila nèt"
        Nou bwè chokola nwa

        Eske tout sa fini, ti zwezo nan bwa
        Eske tout sa fini, ti zwezo nan bwa
        Pito bliye sa
        Se two gran lapenn
        Ka depi jou-sa
        De pye-mwen nan chenn

        Pito bliye sa
        Se two gran lapenn
        De pye-mwen nan chenn

     5. Yon ti blan vini rive
        Ti bab wouj, bèl figi wòz
        Mont sou kote, bèl chive
        Malè mwen, li ki lakòz
        Malè mwen, li ki lakòz
        Li trouve Choukoun joli

        Li pale Franse, Choukoun renmen li
        Li pale Franse, Choukoun renmen li
        Pito bliye sa
        Se two gran lapenn
        Choukoun kite mwen
        De pye mwen nan chenn

        Pito bliye sa
        Se two gran lapenn
        De pye mwen nan chenn

SOURCE: http://www.traditionalmusic.co.uk/folk-song-lyrics/Choucoune.htm

MARI ALA OU BEL

Mari ala ou bèl, limyè Bondye klere w! O o o!

1-Pran kouraj fè kè w kontan men limyè
Men Granmèt la k ap montre w jan l renmen w
Pandan nuit l ap anvayi tout peyi, tout nasyon.

2-Men Granmèt la k ap klere w ak limyè l
L ap montre kijan l renmen nou nan kè w
Tout nasyon y ap dirije kot limyè w ki fèk fèt.

3-Leve zye w tout alntou pou gade
Men tout moun ap rasanble vin kote w
Tout pitit ou vin sot lwen y ap pote ou sou bra.


CHANTE SAA  KA BEZWEN LOT KOUPLE. SI W KONNEN YO TANPRI POSTE YO NAN "COMMENT". MESI.

NOU SALUE OU MANMAN NOTRE DAM

Nou salue ou Manman Notre Dam,
Manman Jezi ki sove n
Manman delivrans ou ye
Nou salue ou Manman Notre Dam,
Manman ki toujou pote n sekou

1– Manman ki rèn nan syèl la, Manman ki toujou la
Manman ki gen ke sansib pou tout pitit li yo

2-Manman ki konsole nou, lè nou gen dlo nan je.
Nan lapenn, nan la soufrans, ou toujou soutni nou.

 CANTE SAA BEZWEN LOT KOUPLE. SI W KONNEN YO TANPRI POSTE YO NAN "COMMENT". MESI.

BONDYE ENVITE M NAN FET LAKAY LI

Bondye envite m nan fèt lakay li ala on mèvèy saa
Depi byen lontan l ap espere mwen
Fèt la bèl! Fèt la bèl!

Se Bondye ki rele mwen ki konvoke m tande
Se li menm k al chèche mwen, ki rasanble m
Alelouya!

Bondye m nan l bon pou mwen
Li san parèy tande
M ape chante pou non li, danse pou li
Alelouya!

CHANTE SAA BEZWEN LOT KOUPLE SI W GENYEN YO TANPRI POSTE YO NAN "COMMENT". MESI