Sunday, May 1, 2011

TOUT SA N GENYEN TOU SA N YE

Tout sa n genyen tout sa n ye
Se ou ki ba nou yo
Nou vin remèt yo nan men w Granmèt
pran yo pou fè sèvis ou (2 fwa)

Depi avan mwen fèt ou te deja konnen m
Deoi nan vant manman m ou te deja chwazi m
Ou gen yon plan pou mwen ki fè w mete m ap viv
Si m pa fè volontèw mwen pap janm reyisi

Ti pen n ap ofri w la, se ou ki ba nou li
Diven n ap ofri w la se nan men w li sòti
Anpil moun te travay pou yo jan yo ye a
Konsa yo reprezante tou sa ki sou tè a

1 comment:

  1. Ou bann fos ak lespri pou n kiltive te a se pou sa n ap ofri ou mesi nan revolt se pa sa pou gade men se santiman Ken n se lavi n n ap ofri w ak tout renmen k nan ke n


    Mesi Bondye granmet pou tout sa ou fe pou mou mesi pou Jezi kri kimye kap kle nou mesi pou tout zanmi ou mete sou rout nou ansanm avek yo tout nou vle rive jwenn nou

    ReplyDelete